
—
Son ka fè anpil pou sèvèl la.
Aprè m fin viv nan vil la pou tout tan sa a, m pa konnen
Ki familyarite gazouyaj zwazo pote mwen
–
Memwa m transpòte m al nan jou andeyò yo
Kay granpè matlasye av on lakou devan, on lakou dèyè
On lakou akote ki elonje, epi l elonje al nan on jaden
On twalèt an bwa ki, nan tan sa yo, sa a te nòmal
Men avèk laj; moun m te rankontre; kote m te viv
M tòde figi m epi m mande tèt mwen kiyès ki t a fè sa a.
Jaden an elonje, epi l elonje jis nan yon raje
Men anvan sa a tout timoun yo ap pèdi enterè
Solèy la ap desann. No konnen kisa k te pi miyò
–
Dejene sou galri a, ji zoranj donnen nan lakou a
Chèz la ap kage san stabilite, balanse sou de pye dèyè
Pye ap pandye; l ap tranble ak pè e ezitasyon
Nou konnen kisa k pi miyò.
Donk yon men nève t ap jwenn rasirans nan on kote stab
Men sa se kòman nou te dwe chita sou chèz la
Se sa ki pa t pèmèt—danjere; dezòd
–
Sa se te sèl jan pou limyè filtre nan fèy yo pou l repoze sou figi mwen
Sa se te sèl jan pou pran andeyò a
Limyè solèy natirèl avèk son nan distans lan k ap fè eko sou wout wòch
–
On chèz, on kote, ap balanse sou de pye dèyè
gade syèl ble klè a ki plake avèk fèy ak branch
On zwazo sote al vole; zwazo yo debòde anba syèl la
Kite gazouyaj dèyè k ap dekore vil la, on rapèl
–
Sa se te sèl mwayen an. Moralite ak lojik pa t janm opoze.
–
Now, in the big city, i still hear the familiar bird Sounds
but as that life becomes more estranged, the memories slip through my fingers.
Maybe the chair, somewhere, finally fell
we then got scolded with what was best
i ask myself, “who am I?”
lean back to look up—skyscrapers blocking the sky.
–
Konya, nan gwo vil la, mwen tande son zwazo familyè yo toujou
Men pandan lavi sa a vin pi etranje, memwa yo chape nan dwèt mwen.
Genlè chèz la, yon kote, resi tonbe
Epi yo reprimande nou avèk kisa k te pi miyò
Mwen mande tèt mwen, “kiyès mwen ye?”
Kage dèyè pou m gade anlè—gratsyèl ap bloke syèl la.
This is my first time translating a text this long into Haitian Creole. If you would like to read the original text (in English), go to the link below. Thank you.
https://sircharlesthepoet.com/2023/03/06/what-was-best/
–
Thank you for reading! Please read more of my work here.
Leave a Reply